3 4 Chak konpozan nan sistèm lan fèt pou jwenn pi bon itilizasyon pou fatra kap antre yo ak diminye kantite ke yo voye nan dechaj la. Enèji pwòp renouvlab (elektrisite) ki te kreye lè yo boule fatra ki gen mwens valè redwi pi plis demann kominote a pou resous natirèl epi detounen yon pi gwo pousantaj fatra nan dechaj la. Lè nou pran kèk minit pou n aprann sou metòd apwopriye pou jete fatra epi resikle pwodui chimik nan kay ansanm avèk lòt fatra, ou ka vini gadyen yon kominote epi ede asire konsève bote natirèl Konte Lee pou tout moun jwi. Chak semèn ou mete fatra w, fatra lakou ak resiklaj sou twotwa e ou ka pa janm panse ki kote li ale. Oswa, petèt ou panse yo transpòte ak antere l nan yon dechaj yon kote – lwen zye, lwen lespri. Se kapab sitiyasyon an nan anpil rejyon nan Etazini, men nou fè bagay yo diferan nan Konte Lee, Florida. Nou konpare dechè kòm yon resous. Sistèm entegre jesyon dechè Konte Lee bay yon apwòch ki finansyèman responsab e ki adapte avèk anviwonman pou jere kouran fatra nan kominote a, pèmèt rezidan Konte Lee yo kenbe valè fatra yo. Sistèm jesyon dechè solid gen ladan konpozan ki annaprè yo: • Yon etablisman ki transfòme dechè-an-enèji • Yon pwogram resiklaj sou twotwa nan tout konte a • Yon etablisman resiklaj materyèl • Yon etablisman konstriksyon ak demolisyon pou resiklaj debri • Yon etablisman pou depoze fatra chimik ki soti nan kay la • Yon operasyon tretman fatra lakou • Yon etablisman pwodiksyon angrè natirèl • Senk adrès distribisyon payis (mulch) • De estasyon transfè nan Konte Hendry • Dechaj Lee/Hendry • Yon atelye antretyen machin Entwodiksyon nan Divizyon Dechè Solid nan Konte Lee Dechè Solid Konte Lee se yon patnè kominotè ki gen akò prive-piblik ki egziste depi lontan ki pou operasyon ak antretyen etablisman eliminasyon piblik ki liste ak kontra pou koleksyon fatra nan konte Lee, Bonita Springs, Fort Myers Beach ak Vilaj Estero. Vil Fort Myers, Cape Coral ak Sanibel asire koleksyon fatra ak resiklaj pou rezidan yo. Kreye enèji apati fatra 24/7 depi 1994