9 10 Dechè Espesyal Gen kèk atik ki bezwen prekosyon espesyal anvan ou jete yo. Tanpri rele anplwaye amikal sèvis kliyan nou an nan 239-533-8000 pou w mande enfòmasyon spesifik sou fason pou jete nenpòt nan bagay sa yo: • Amyant • Tè kontamine • Dechè lwil • Pwodui ekspire • Pwodui famasetik • Zam Swete Resikle Sachè Plastik ak Bwat a anpòte pa nan resiklaj sou twotwa menm si yo make avèk flèch resiklaj. Ou ka pote sachè plastik tounen nan pifò episri yo, men yo pa dwe ale nan bokit resiklaj bò twotwa; yo vlope toutotou machin konplèks ki pou triye bagay resiklab, sa ki gaspiye alafwa tan ak lajan. Ou ka retounen nan episri a bwat katon ze ak bwat a anpòte yo. Bwat a anpòte ki itilize pou anbale materyèl oswa pou lòt bagay dwe ale nan fatra. “Bagaytankoukòd”kikamelenanekipman triyaj. Gen 76 bann woulan nan izin resiklaj la ki pa travay lè yo vlope nan kòd elektrik, kawotchou jaden, dra, kouvreli, elatriye. Fè kado, vann oswa jete bagay sa yo. Rad, sa enkli soulye. Sa yo se bagay ou ka re-itilize; tanpri vann oswa fè kado yo. Feray. Bwat an metal sèlman ka ale nan bokit resiklaj ou a. Ou ka vann feray ou yo nan yon lakou pou feray, fè kado atik ou ka re-itilize yo, oswa mete atik metal ou pa bezwen ankò yo nan fatra. Dechè Manje, Kouchèt, oswa Dechè Bèt. Atik inapwopriye sa yo ka kontamine tout yon chaj antye papye sa ka rann li pa itil pou resiklaj. PA METE SACHÈ PLASTIK NAN BOKIT RESIKLAJ OU Nan Etazini chak ane yo itilize plizyè milya sachè plastik sepandan mwens pase 5 pousan ladan yo resikle. Ou ka ede chanje sa a! REDWI – pote pwòp sachè w soti lakay ou, mande kesye a pou yon sachè an papye, oswa evalye si ou menm bezwen yon sachè. RE-ITILIZE – Ou ka itilize sachè plastik yo pou anpil bagay nan kay la – mete sachè nan poubèl twalèt yo, netwaye dechè bèt domestik, transpòte bagay ki imid, elatriye. Yo renmen yo nan gadri yo, gadri pou ti chyen, boutik pèpè yo ak bifèt pou depo manje. www.Pinterest.com gen anpil bon lide pou re-itilize sachè plastik yo. RESIKLE – Anpil episri aksepte sachè plastik ak anbalaj pou resiklaj. Sa yo gen ladan sachè pou pwovi- zon, sachè netwayaj dray, sachè pen ak anbalaj papye twalèt, papye ijyenik , jounal, elatriye. Pou w jwenn plis enfòmasyon, tanpri vizite www.abagslife.com Swete Resikle: Jete bagay ou gen dout nan bokit resiklaj la, ak espwa ke yo ka resikle nan yon fason kanmenm.