15 16 Antretyen Anvan-Siklòn • Koupe nenpòt pyebwa oswa branch ki gen kontak avèk kay, kaj pisin, ti depo oswa lòt bilding yo. • Koupe feyaj yo dekwa van ka soufle san pwoblèm atravè branch yo, sa va diminye chans pou plant lan dechouke pandan yon tanpèt. • Mete bwa koupe yo sou twotwa nan jou koleksyon regilye w. Fatra lakou yo sipoze nan yon bokit oswa byen mare an pake ki pa dwe pi lou pase 50 liv epi pa pi long pase sis pye nan longè. • Yo ka mete Jiska 50 liv fèy palmis ki pa mare sou twotwa a. Depi yo fin nome yon tanpèt oswa yo fin bay yon siveyans/avètisman pou siklòn: • Pa koupe pyebwa oswa fè okenn gwo travay nan lakou. Lè w koupe anpil bwa yon sèl kou sa mete yon chaj sou pwosesis nòmal koleksyon fatra. • Pa kòmanse avèk pwojè konstriksyon ki pwodui debri sof si li absoliman nesesè pou pwoteje lavi ak pwopriyete. • Retire sou pwopriyete w nenpòt bagay ki ka vini yon pwojektil pandan yon tanpèt epi mete yo sou twotwa a nan jou koleksyon regilye fatra w. • Sekirize tout debri epi pa mete okenn kalite materyèl sou twotwa a pandan yon peryòd Siveyans oswa Avètisman. • Sèvis yo ka sispann e etablisman yo ka fèmen bonè pou preparasyon pou tanpèt la. Pou w jwenn enfòmasyon sou estati sèvis koleksyon ak etablisman pou jete fatra, rezidan yo ta dwe tcheke www. leegov.com/solidwaste oswa kontwole medya lokal yo. Apre tanpèt la fin pase: • Sa ki pi enpòtan– kenbe debri tanpèt la separe de fatra ak resiklaj regilye lakay ou. • Yo ta dwe separe debri tanpèt yo an pil pou debri manje, pil pou aparèy ak pil pou debri estrikti. • Koleksyon an pral fèt jeneralman avèk yon kamyon mekanize ki gen grif. Tout bagay yap kolekte ta dwe lwen fil elektrik ak telefòn ki antere, bwat-a- lèt, ak ekipman sèvis piblik sa enkli poto elektrik, liy elektrik, kontè elektrik, bouch ensandi, elatriye. Enspektè yo pral vizite chak pati nan konte a pou detèmine ki kote ki gen pi gwo bezwen pou koleksyon. • Pran pasyans. Apre yon tanpèt, priyorite Nimewo 1 se pou kolekte fatra nan kay. Fatra ki pa ranmase ka atire ensèk nwizib e li ka simaye maladi. Dechè vejetasyon yo ka rete tann. • Mizajou pwosesis rekiperasyon ak gid koleksyon debri pral disponib nan www.leegov.com/ solidwaste Gid pou Dechè Solid nan Tanpèt Rezidan ak vizitè yo ka gade dènye enfòmasyon sou JesyonIjansKonteLeeatravèchanèlmedyasosyalyonan Facebook (LCEMFL), ak Twitter (@LCEMFL and @LeeEOC). Li sou entènèt Gid Konte Lee sou tout Danje nan www.leegov.com/allhazardsguide UF/IFAS Sèvis ekstansyon Konte Lee ofri rezidan yo edikasyon ak fòmasyon sou kijan pou yo pran swen lakou ak katye yo nan Florida nan www.leegov.com/ parks/extension. Ou ka kontakte liy èd Mèt Jadinye a nan 239-533-7505.