5 6 Sèvis koleksyon bò twotwa – Se selon kòd postal yo detèmine koleksyon fatra nan Konte Lee, Bonita Springs, Estero ak Fort Myers Beach ki pa enkòpore. Pou w jwenn orè koleksyon aktyèl, pou detèmine transpòtè pou rejyon w lan, epi si w genyen lòt kesyon sou koleksyon fatra sou twotwa, tanpri vizite www.leegov.com/solidwaste oswa rele anplwaye amikal sèvis kliyan nou an nan 239-533-8000. Rezidan yo ki nan kay yonsèl fanmi, de fanmi, twa fanmi ak kat fanmi resevwa: • Koleksyon sou twotwa yon fwa pa semèn pou fatra, resiklaj ak fatra lakou Chak bokit fatra pa ta dwe gen yon kapasite plis pase 40 galon e pa ta dwe peze plis pase 50 liv – sof si konte a te ba ou yon bokit fatra pou koleksyon otomatik. • Koleksyon sou twotwa yon fwa pa semèn pou aparèy elektwonik (mete bò kote fatra regilye) • Koleksyon sou twotwa pou jiska de kawotchou machin (sa gen ladan jant) pa semèn. Yo dwe pote pi gwo kawotchou yo nan Etablisman Rekiperasyon Resous nan 10500 Buckingham Rd, Fort Myers, FL 33905 Rele 239-533-8000 pou yon pri separe. • Koleksyon sou twotwa pou gwo atik tankou mèb, matla ak seksyon nan kloti Koleksyon fatra nan Fort Myers, Cape Coral ak Sanibel kowòdone pa minisipalite a. Tanpri kontakte minisipalite w si ou gen nenpòt kesyon. Jete Fatra Pa ka tann? Si ou pa ka rete tann pou koleksyon regilye w, ou ka pote atik ki pa pwodui chimik nan zòn kote rezidan jete ki nan Etablisman Rekiperasyon Resous nan 10500 Buckingham Rd, Fort Myers, FL 33905. Yo pral chaje w pa pwa. Pou w jwenn yon lis aktyèl frè pou koleksyon fatra, vizite www.leegov.com/solidwaste/adopted-solid-waste-rates Nou aksepte lajan kach, chèk oswa kat kredi (Visa, MasterCard, Discover ak American Express). Gwo atik tankou bato ak veyikil lwazi egzije aranjman koleksyon spesyal. Tanppri rele sèvis kliyan amikal nou an nan 239-533-8000 pou w jwenn enfòmasyon spesyal. REMAKE: Yo ka kolekte gwo aparèy menaje sou twotwa. Nou ankouraje w pou rele transpòtè w anvan w mete yo deyò.