13 14 Kloti ak bòdi òneman an bwa pa fatra lakou oswa resiklaj. Tanpri jete yo avèk fatra kay la. Angrè Natirèl OrganicLee® Konte Lee pran de kalite fatra – fatra lakou dechikte ak fatra lakou ak tretman byo-solid ki soti nan izin tretman egou lokal yo – e li pwodui angrè natirèl trè koni an ki se yon modifikatè tè ki popilè pou kiltivatè komèsyal ak domestik Sidwès Florid. Men kèk nan avantaj angrè natirèl OrganicLee®: • Estrikti ak powozite tè a ki amelyore – sa ki kreye yon pi bon anviwonman pou devlopman rasin plant • Matyè òganik nan tè natirèl yo ki ogmante • Kapasite pou kenbe imidite nan tè leje yo ki amelyore • Prezans mikwo-òganis benefik nan tè ak nan zòn kilti ki ogmante Angrè natirèl OrganicLee® disponib pou achte nan sachè oswa an gwo kantite. Tanpri vizite www.leegov. com/solidwaste oswa pale avèk anplwaye amikal sèvis kliyan nou an nan 239-533-8000 pou w jwenn plis detay. Fatra Lakou Klima sou-tropikal Konte Lee favorize yon kwasans rapid plant ansanm avèk anpil fatra lakou. Rezidan yo resevwa yon koleksyon sou twotwa yon fwa pa semèn pou fatra lakou. Fatra lakou dwe nan bokit (50 liv oswa mwens), oswa byen mare an pake ki pa pi lou pase 50 liv epi pa pi long pase sis pye nan longè. Yogendwaanpilebyenpwòpsoutwotwajiska50livfèy palmis. Tout fèy palmis ki anplis dwe byen vlope, chak dwe peze 50 liv oswa mwens. Rele transpòtè fatra w la pou ka gen yon estimasyon sou pri gwo pwojè eliminasyon fatra lakou. Pou w detèmine transpòtè pou zòn ou an, tanpri vizite www. leegov.com/solidwaste oswa rele anplwaye amikal sèvis kliyan nou an nan 239-533-8000. SOTE SAK LA! Yo dechikte fatra lakou pou payis (mulch) e yo distribye l nan senk adrès nan konte a (gade kouvèti dèyè a pou w jwenn adrès yo). Se egalman yon konpozan prensipal nan angrè natirèl OrganicLee®. Lè w mete fatra lakou nan yon sachè an papye konpòs, yon basen oswa po ou ka re-itilize olye de sachè plastik li kapab – • Redwi dechè plastik • Kite fatra lakou a pare pou dechiktaj ak transfòmasyon san pèdi tan ak travay nan separe plastik • Lakòz gen yon pwodui fini ki pi pwòp Si ou dwe itilize yon sachè plastik, tanpri asire ke transpòtè a ka idantifye fasilman sa ki ladann nan (kite yon ti branch parèt deyò).